Ayiti Kale Je se yon partenarya de (2) òganizasyon, Groupe Medialternatif/Alterpresse ak Society for the Animation of Social Communication (SAKS), ansanm avèk etidyan nan Fakilte Syans Imèn nan Inivèsite deta Dayiti, ansanm avèk manm de (2) rezo – Rezo Fanm Radyo Kominotè Ayisyen (REFRAKA) ak Asosyasyon Medya Kominotè Ayisyen (AMEKA), ki genyen kòm manm radyo kominotè atravè peyi a.
Ayiti Kale Je pwodui tèks, pwogram odyò ak videyo an kreyòl, franse ak angle. Konteni sa a se pou piblik ki an Ayiti, nan dyaspora ayisyen (an kreyòl ak an angle), epi nan Amerik di Nò, Amerik Latin ak toupatou nan lemond. Objektif jefò sa a se fè yon swivi sou èd imanitè ak rekonstriksyon peyi d Ayiti avèk enterè mas popilè yo kòm gid. Listwa yo pral bay kontèks politik ak istorik, pral gade rasin estriktirèl pwoblèm peyi a ak defi ki devan l. Ayiti Kale Je pral chèche akademik, teknisyen, ak ekspè ayisyen pou bay dizon yo, ansanm avèk pèp la ak asosyasyon ak òganizasyon pa yo. Ekri nou: ayitikaleje@gmail.com